THE FIGHT FOR HAITI

REKONÈT EKIP LA

 

ETANT DUPAIN, KREYATÈ + PWODIKTÈ EGZEKITIF

Etant Dupain se Yon Jounalis, Pwodiktè Televizyon ak Reyalizatè


 
 
 

MATENMIDISWA, PWODIKTÈ EGZEKITIF

matenmidiswa (MatɛMɪədɪəSwɒ) se yon group prodiksyon de divètisman ki leve vwa moun ki pa gen la pawòl nan sosyete a e bay yo mwayen nesesè pou devlope tèt yo. MatenMidiSwa sa vle di maten, midi e swa, lè nou mete yo ansanm se yon ekspresyon ki dekri yon gro travay ki baze sou kalite ak pèseverans. Misyon nou se pou nou sèvi moun ki san vwa yo e fé yo fè yon eksperyans san mezi. Lé nou di “San Vwa” nou vle pale de moun ke sosyete a pa tande e rejte, sila kap viv anba opresyon ak vyolans. Kreyasyon moun nwa, endijèn et moun ki gen lòt koulè po dwe jwenn plas yo sou tab la e kounye a li lè li tan pou nou rekonèt egzistans moun sa yo… [Li plis]


 

LUNISE CERIN, EDITÈ + PWODIKTRIS SOU ISTWA

Lunise Cerin se yon sineas ayisyen ki fèt Filadèlfi, e li grandi ant Ayiti e Etazini. Majorite zèv li baze sou frontyè imajinè ant Etazini e zile karayib yo. Li renmen rakonte istwa moun nwa ki ap chèche fè tande vwa yo, libere tèt yo, e renmen. Aprè li te finn resevwa yon diplòm nan sosyoloji, e yon fòmasyon nan fotografi nan inivèsite Saint Joseph, Cerin konbine amou li gen pou moun ak pou imaj e lanse li nan sinema (fè fim). An 2012, Cerin ale abite Los Angeles kote li te kómanse karyè li antanke pwodiktris sou platfòm SVOD Black and Sexy televizyon. Li te travay antanke senaris pou seri, reyalizatris e montèz ke li te apran pou kont li depi 6 ane. Kounye a, Cerin nan fen prodiksyon dezyèm fim kout li “ 25 Frames” ke li ekri, reyalize e monte. An 2019, li te travay antanke pwodiktris sou plas pou yon videyo sou disètasyon ki rele „ Le mancelinier“ de David Hart ki te finansye ak lajan fondasyon Pew, e li ap travay kounyea antanke redaktris e pwodiktris sou istwa pou yon dezyèm fim dokimantè long ki rele 'Batay pou Ayiti“. Cerin se yon kandida nan pwogram de metris nan sinema nan inivèsite Columbia, kote yo te asepte li ak yon bous ke li jwenn nan men fondasyon Bridges Larson.