THE FIGHT FOR HAITI

RAPÒ PETROCARIBE

KOT KÒB PETROCARIBE A PASE?

Ant 2008 e 2016 reprezatan gouvènman ayisyen yo ak manm elit ekonomik la te mal itilize ou di mwens detounen anviron 2 milya dola ameriken nan pwogram, achte petrol a ba pri a ke nou konnen sou non Petrocaribe. Selon rapò Tribinal Siperyé de Verifikasyon D‘Ayiti pibliye, lajan ki te dwe soutni efò devlopman yo te detounen a travè yon bann kontra gouvènmantal sekrè avèk yon pakèt fo konpayi e yon bann projè ki pa janm fini.

Avek slogan “Kot Kòb PetroCaribe?” jèn militan an Ayiti mobilize sou entènèt e sou beton an depi 2018 pou egzije yon pwosè jidisyè pou moun ki te patisipe nan youn nan pi gro eskandal koripsyon nan istwa peyi d’Ayiti.

LI RAPÒ A

Pou ou ka li pou kont ou rapò Dawout 2020 Tribinal Siperyé de Verifikasyon D’Ayiti a, fè paj yo desann oubyen telechaje dokiman.